1. Home
  2. Transparency
  3. Title VI/Non-Discrimination Policy
  4. Nondiscrimination Notice to the Public
  5. Avi Kont Diskriminasyon Pou Piblik la

Avi Kont Diskriminasyon Pou Piblik la

Updated Apr 26, 2024
Pou w ka fè demann sèvis èd gratis, ou ka rele nan 511.

Tit VI ak Plent ki gen Rapò Dispozisyon pou Konbat Diskriminasyon

Metropolitan Transportation Authority (MTA) ansanm avèk ajans li afilye avè l yo ak filyal li yo angaje yo pou asire yo pa gen okenn moun yo anpeche patisipe, yo refize bay avantaj, oswa ki sibi diskriminasyon nan pwogram, sèvis, oswa aktivite nou yo akoz ras, koulè po yo oswa peyi yo sòti (sa gen ladan l difikilte moun nan ka genyen pou l pale Anglè) jan Tit VI nan Lwa 1964 sou Dwa Sitwayen an bay pwoteksyon sou sa, ak laj, sèks, andikap, oswa relijyon jan lòt Lwa Federal sou Transpò yo, (49 U.S.C. § 5332) bay pwoteksyon pou sa. Pou w depoze yon plent ki ekri oswa pou w mande plis enfòmasyon konsènan Tit IV MTA a ak enfòmasyon ki gen rapò ak Règleman nan Lwa Pou Konbat Diskriminasyon yo, moun yo ka kontakte yon Depatman presi nan MTA ki responsab Divèsite e Pou Bay Tout Moun Menm Opòtinite, lè yo klike la a, oswa pou fòmilè plent lan, klike la a.

MTA Headquarters
Department of Diversity and Civil Rights
2 Broadway, 16th Floor
New York, NY 10004
(800) 466-8577

Depoze yon plent nan Ministè Transpò Etazini

Moun yo ka depoze yon plent dirèkteman nan:

U.S. Department of Transportation
Federal Transit Administration
Office of Civil Rights Complaint Team
East Building, 5th Floor—TCR
1200 New Jersey Ave. SE
Washington, DC 20590